Bonjou, zanmi m. Mwen espere w byen.
Transfòmatis epi CCBH gen yon enòm plezi pataje youn nan aktivite y ap ede mete sou pye: Ayiti Solid! Gwoup rechèch e travay Ayiti Solid se yon espas pou nou mete an valè epi pou nou pratike plis fòm ayisyen de koperasyon e oto-òganizasyon yo (konbit, sòl, eskwad, mazenga, sabotay, atribisyon, lakou, e lòt toujou).
Nan jou sa n ap lanse pwojè albòn kolektif Konbit Mizikal, k ap gen ladann Herby François, Motif, Renette Désir e Melissa Dauphin pou ane a.

Ansanm nou pi fò. N ap tann ou. Fè lanbi w sonnen pou fè nouvèl la gaye 🙏🏽

https://whatsapp.com/channel/0029VaDgrXEBA1ez7yzuu51W