HAITI TODAY | 13 Avril 2024
Li enpòtan Pou chak grenn Ayisyen kap viv Nan peyi a e ni sila yo kap viv nan lòt peyi .
Trè souvan nou tande wout nasyonal nimewo 1 , 2 men nou pa konn ki kotel kòmanse e ki kote li fini .

Wout nasyonal # 1 (longè: 243 km)
Li soti Pòtoprens a Kap Ayisyen pandan ou pase :
- Croix Des missions (ouest)
- Bon repos ( Ouest)
- Cabaret ( Ouest )
- Montrouis ( Ouest )
- Saint Marc ( Artibonite )
- Pont Sondé ( Artibonite)
- L’Estère ( Artibonite)
- Gonaïves ( Artibonite)
-Ennery ( Artibonite ) - Plaisance ( Nord)
- Limbé ( Nord )

WOUT NASYONAL # 2 (longè: 186 km)
Li soti de pòtoprens a Okay an pasan pa :
- Carrefour ( Ouest )
- Gressier ( Ouest )
- Leogâne ( Ouest )
- Grand Goâve ( Ouest )
- Petit Goâve ( Ouest)
- Vieux bourg d’aquin ( Sud)
- Aquin ( Sud )
- Saint Louis du Sud (Sud )
- Cavaillon ( Sud )

Wout nasyonal nimewo 3 (longè: 191 km)
Li soti Croix Des Bouquets Pou rive Kap Ayisyen an pasan pa :
- Mirebalais ( Centre )
- Thomonde ( Centre )
- Hinche ( Centre )
- Pignon ( Nord )
- Saint Raphaël ( Nord)
- Dondon ( Nord )

Wout nasyonal nimewo 4 (longè: 44 km)
Li soti sou wout lamitye Elie Dufort ki Nan depatman lwès Pou rive Jacmel.

Wout nasyonal nimewo 5 (longè: 77 km)
Li soti Dolan ( Artibonite) Pou l rive pòdepè an pasan pa :
- Gros Morne ( Artibonite )
- Bassin Bleu ( Nord- Ouest )
- Chansolme ( Nord – Ouest )

Wout nasyonal nimewo 6 (longè: 66 km)
Li soti Kap Ayisyen Pou rive Wanament an pasan pa :
- Quartier Morin ( Nord )
- Limonade ( Nord )
- Trou du Nord ( Nord- Est )
- Terrier Rouge ( Nord Est )
- Caracol ( Nord Est )
Sou menm wout sa ,genyen Caracol , Fort Liberté , Phaeton .

Wout nasyonal nimewo 7 (longè: 95 km)
Se wout ki kòmanse Okay Pou rive Jérémie .

Wout nasyonal nimewo 8 (longè: 48 km)
Li kòmanse Kafou maren Pou rive Jimani ,se sou wout sa wap jwenn Malpasse ki se yon zòn fwontalyè Pou ale Sen Domeng
